Signed in as:
filler@godaddy.com
Soudevlopman ak lamizè gen rapò ak pwoblèm lajan E se youn nan rezon prensipal ki fè peyi Dayiti nan nivo li ye la a. Anpil jèn ap kite peyi a pou pwòblem lamizè ki vin lakoz ensekirite. Tout moun pap ka kite peyi a pou yon rezon ou pou yon lòt e nan pwoblèm nou ye a se nou ki pou retire tèt nou ladan l. Ou te mèt gen gwo biznis rive jis nan yon moun k ap pwonmennen pou chache lavi, soudevlopman frape nou tout paske n ap viv nan yon menm peyi ki rele Ayiti. REZO LAKAY kreye nan lide pou konbat lamizè paske anpil jenn fanm ak jenn gason ka travay, yo gen talan e yo kreye ti biznis ki souvan pa mache paske yo pa jwenn ankadreman. Pa gen estriki ki pou pèmèt yo ekspoze sa yon konn fè pou yo ka demare finansyèman.
Men jounen jodia ak REZO LAKAY nou tout ap konekte pou nou youn ka sèvi lòt.
Abone pou w ka rete konekte avèk nou.
Pa ezite kontakte nou si ou gen kesyon. Nou la pou ede w reyalize en depandans ou.
Mon | 09:00 am – 05:00 pm | |
Tue | 09:00 am – 05:00 pm | |
Wed | 09:00 am – 05:00 pm | |
Thu | 09:00 am – 05:00 pm | |
Fri | 09:00 am – 05:00 pm | |
Sat | 09:00 am – 05:00 pm | |
Sun | 09:00 am – 05:00 pm |
We use cookies to analyze website traffic and optimize your website experience. By accepting our use of cookies, your data will be aggregated with all other user data.